Johnny Celestin

Board Member and Vice-Secretary of the United Front

Johnny Célestin se yon lidè ki genyen anpil eksperyans entènasyonal nan administrasyon ak jesyon pwogram. Li se yon ekspè nan gouvènans, lidèchip ak developman kominotè.

Johnny se manm konsey epi sekretè adjwen Fwon Ini (the United Front) ki se yon òganizasyon ki ap travay pou tout Ayisyen ki ap viv aletranje kapab jwi dwa yo pou yo patisipe nan vi sosyal, politik ak ekonomik an Ayiti.

Johnny se Direktè Egzekitif « Centre Haïtien du Leadership et de l’excellence. » Li te travay nan plizyè lòt enstitisyon ki nan sektè prive, piblik ak « nonprofit » tankou: Accenture, Fondasyon Robin Hood, Atlantic Philanthropies, Fondasyon Clinton, Fonds haïtien pour l’innovation et le Centre pour l’Innovation et le Management, Ministère de la Planification et de la Cooperation Externe.

Johnny gen yon metriz nan relasyon entènasyonal nan « New School University, NYC » epi yon B.S nan administrasyon biznis nan « Iona College, NY ». Li resevwa plizyè sètifika tankou : Pèfòmans òganizasyonel nan « Accenture » ; Lidèchip ak travay annekip nan « MIT »; Mouvman nouvo kominote (Saemaul Undong) nan Inivèsite « Yeungnam, South Korea »; epi nan Lidèchip,  ABCD (Asset Based Citizen-led Development) Devlòpman Kominotè ak analyz ChènValè nan « Coady International Institute, Canada. »

Tweet with #NAAHPConf or follow us
@NAAHPHaiti